Konbit Plantasyon Benzoliv ak timoun nan RAJEPRE school (Centre D’éducation et de formation des Jeunes) nan Bwa Nef nan okazyon jounen anviwonman nan ane 2012.
Nan okazyon sa timoun nan Lekol yo te telman mobilize epi motive. 3 timoun ki te soti nan Klas senkyèm ak sizyèm ane (Beauplan Jean Mackengly, Massillon Francky ak Civil Olrich) te konpoze yon mizik:
Benzoliv kendon kendon
Benzoliv kendon kendon
Li bon pou la sante, Benzoliv
ou mete li nan ji, benzoliv
mete li nan yon ti diri, benzoliv
nan yon ti pen ak ze, benzoliv
li fè timoun grandi, benzoliv
Li bon pou moun malad, benzoliv
li bon pou tout bagay, Benzoliv
Kendon kendon, kendon, kendon, benzoliv